Yon apèl nan Nairobi

mèkredi 28 novanm 2007

Tout versyon pou atik la : [Kréyòl (Péyi Dayiti)] [Kréyòl (Péyi Dayiti)] [English] [Español] [français] [Português]

Depi lè kontwovès Valadolid la te fi-n pase, batisè anpi, kolon, esklavajis ak kapitalis yo te toujou gen pretansyon pou jistifie, tankou sete yon bagay ki nomal epi natirèl, tout kalite egsaksyon yo fè viktim yo sibi. Sa ki pi rèd la, bagay sa yo rive paske batisè anpi yo pretann genyen anpil konesans sou manniè nanm, kilti ak lespri viktim yo ap fonksyone.

Soti nan teori ki pote non « enferiorite biolojik ki nan nanm viktim yo » ak kalkil yo fè sou anvi pèp sa yo ki te sibi maltretans konkèt kolonial la, chemen sa-a mennen nou nan yon lot teori ki pote non « teyori dejeneresans » ki ta sanble afekte pwoletè ak oprime yo, pou rive nan sa yo rele « rasis kiltirèl » e teyori ki jistifie chok sivilizasyon yo.

Pou nou ka sonje, an nou mete sou tapi tout tèz, ki soti nan lekol satirik alje-a, ki te fè eskandal. Soti nan lanne 1930 pou rive nan lanne 1950 lekol sa-a fè kouri yon teyori ke li nonmen « primitivis pèp magrèb yo ». Epi nan menm epok sa-a, yon sèten ekriven ki rele John Colin Carothers, direktè lopital “ Mathari Mental”,nan yon rapo li te fè pou OMS ( Oganizasyon mondial pou la sante) te dekri nèg afriken-an tankou yon ewopeyen ki pa gen sèvèl.

Yon bann pèp te peye, epi yo kontinie ap peye yon dèt ki twop pou yo. Tou sa se konsekans teyori makiavelik yo. Nou ap site pou legzanp peyi afriken ak premye abitan kontinan ameriken an, soti nan komès kretyen vivan( esklav yo) pou rive nan kolonizasyon-an.

Jounen jodi-a komès sa-a grandi chak jou pi plis nan tout domèn, epi tou li lakoz yon bann divizyon, pèt idantite kiltirèl, segregasyon, racis ak anpil vyolans nan mitan pèp k’ap viv sou la tè.

Jounen jodi ya tout kalite panse ki jistifie bagay sa yo nan mitan lè zom, tan kou diskriminasyon ak segregasyon plis sa nou ka rele rayisman youn pou lot tounen pou pi rèd sou teren-an. Nou menm rive wè politisyen ki itilize bagay sa yo kom baz.

Tout moun ki te la nan fowom sosyal mondyal 2007 la, kriye byen fo, yo lanse yon apèl pou vijilans kont moun ki ta sanble pa bay teyori sa yo enpotans, lè nou sonje tout dega teyori sa yo te deja fè. Moun ki te nan fowom sa-a te pran yon angajman pou lite kont tout manniè move lespri yo ap itilize, pou trennen la sians tankou jenetik, sikoloji konpotman moun, konstriksyon ideyolojik, ak sa yo rele yerashi natirèl nan mitan kilti chak pèp, paske yo bezwen bouche zye moun sou manniè segregasyon-an ap deroule kounye la-a. Se sou bagay sa-a, ki ap sèvi enterè enperialis yo, moun ki angaje nan lit la vle louvri zye nou.

Entènasyonalis yo enskri lit la nan yon rezistans ke yo montre nan rejè tout fom apated ak kolonizasyon an ka pran ka pran jounen jodi ya. Nou ka pran pou legzanp: Ibanizasyon segragativ, inegalite, ak diskriminasyon, awogans ekonomik e kiltirèl piyè yo sou do lot pèp ki viktim nan rapo peyi ak peyi. Defansè sa yo mete pwomosyon la diyite anvan tout lot aksyon, pwojè ak lespwa yo genyen. Kont mond sa-a kote segragasyon, diskriminasyon, asiyasyon a rezidans, alyenasyon, kont tout miray k’ap konstri sou planèt tè-a, lè ta dwe gen yen yon relasyon. Entènasyonalis yo kwè ke li nesesè e ijan, nan divès manniè, pou ka genyen yon lot teyori ki ka ranplase « sibjektivite inivèsalis la »,egzijans sa-a ta sanble montre ke li enpotan pou tout altènasyonalis yo, ki ap chache nouvo lide, mete tèt yo ansanm. Pou siyatè sa yo, libète moun se zafè jistis, legalite, sa vle di se zafè la diyite. Diyite youn pa ka fèt san diyite lot yo.

Reponn sou atik la

SPIP | eskelet | | Kat sit la | Gad lavi sit la RSS 2.0